Aprann Kijan Pou w Itilize Otomatisation Pou Jwenn Kliyan ki Kalifye Epi Pare Pou Achte — San w Pa Gaspiye Tan Sou Moun Ki Pa Serye.

Nan masterclass Dimanch Soir sa a, nou pral montre w kijan pou w filtre kliyan w yo otomatikman, konsantre sou moun ki gen enterè ak kapasite reyèl, epi fèmen plis tranzaksyon pi vit.

Pou ki moun sa ye?

Webinar sa a fèt pou ou si w ap…

  • Bouke reponn moun ki pa serye sou WhatsApp / Instagram/ Facebook/ Sms.

  • Pèdi tan ap kouri dèyè kontak ki pa janm achte.

  • Vle pase plis tan fèmen (close) kliyan kalifye, olye w ap chèche nouvo moun tout lajounen.

Kisa w ap aprann?

  • Kijan pou idantifye moun ki gen enterè reyèl atravè messagerie otomatik.

  • Kijan pou filtre leads yo otomatikman (pa egzanp: bidjè, bezwen, delè).

  • Kijan pou rasanble done kliyan yo (form + WhatsApp + CRM) pou konnen kiyès pou rele an premye.

  • Kijan pou kreye workflow ki fè kliyan frèt yo disparèt epi sèlman kite kliyan cho devan w.

Eksplike zouti yo an tèm kalifikasyon

GoHighLevel (CRM):

Òganize kliyan ou, montre kiyès ki cho, kiyès ki bezwen plis suiv, pou w konsantre sou moun ki vrèman gen valè.

ManyChat:

Filtre moun ki antre nan DM yo otomatikman, pou sèlman kliyan serye rive jwenn ou.

Kiyes Nou Ye ?

Nou se yon ekip ekspè nan Otomatizasyon ak Funnel Building ki ede biznis yo jwenn plis kliyan, fè plis lavant, epi fonksyone pi efikas.

Nou kreye funnels ki konvèti Kliyan, Fè Otomatizasyon entelijan, CRM pwofesyonèl, ak sistèm ki pèmèt ou vann 24/7.


Objektif nou : senplifye pwosesis ou yo epi fè biznis ou grandi rapid.


© 2025 / NEXTLEVEL / All Rights Reserved.